mercredi 14 novembre 2012

Prise de position de la SOFA sur la conjoncture politique et le climat d'insécurité




Pozisyon Solidarite Fanm Ayisyèn -SOFA
Nan konjonkti politik ak ensekirite a

Solidarite Fanm Ayisyèn - SOFA konstate nan moman kote yon bò Prezidan peyi a ap fè tèt rèd nan monte Konsèy Elektoral Pèmanan manke moso, yon lòt bò gwo mobilizasyon ki tanmen toupatou nan peyi a kont lavichè ak grangou, pandan ensekirite retounen blayi nan peyi a. Kidnapin, bandi k ap brake moun nan lari fè kenken. Ensekirite monte disèt wote nan plizyè katye popilè tankou: Simon Pele, Site Solèy, Gran Ravin, Matisan, Bèlè, sa ki lakòz gwo sitirasyon laperèz ki tabli nan mitan popilasyon ayisyèn nan kote yon lòt fwa ankò machann madan Sara yo sitou ap viv ak gwo kè sote. Se nan kontèks sa a, Lapolis arete Cliford BRANDT sou akizasyon kidnapè.

Arestasyon gwo chabrak sa a, vin konfime anpil pawòl ki konn pale sou kalte boujwazi ki genyen ann Ayiti. Yon boujwazi rapas, volè, dechèpiyè ki la pou prije pèp la ak leta a. Yon boujwazi pouri, santi, ki bay kè plen e ki pa gen okenn moral. Yon boujwazi ki la pou fè dappiyanp sou zafè moun pou fè plis lajan. Yon swadizan boujwazi ki pa demontre okenn volonte pou kontribye nan devlopman ekonomik peyi a.

Arestasyon Cliford BRANDT sou akizasyon kidnapè ba nou okazyon pou nou reflechi sou orijin richès klas dominant yo ak estrateji yo mete sou pye pou kab toujou rete rich. Sa vle di anplis fòs kouraj ak san travayè ak travayèz ya p esplwate, san pèp la y ap souse, lè yo refize bay salè minimòm leta fikse depi plis pase yon lane, yo pran tout dispozisyon pou anpeche devlopman ti biznis. Yo pa asepte lòt moun ki pa soti nan fanmi tradisyonèl boujwazi a, travay pou gen yon alemye. Yo vle gen kontwòl tout sa k ap fèt nan peyi a k ap rapòte lajan. Kidonk, se yon boujwazi ki kenbe peyi a ak pèp la ann otaj.

Konpòtman boujwazi tilolit sa a montre nou tou aklè kouman se yon klas ki pi alèz nan diskou pwopagann Gouvènman an pou likide peyi a bay gwo miltinasyonal. Pandan y ap jwe wòl revandè, koutye machann peyi ki pap envesti nan kreye antrepriz nasyonal men pito nan rapin, volè, kidnapin, brase lajan dwòg elt…Li klè Leta mare sosis li ak swadizan boujwazi sa a e kapab menm konplis tout move zak li ap komèt.

SOFA nan kondisyon sa ap poze tèt li kesyon sou kalte dispozisyon gouvènman sa a kapab pran pou kwape kidnapè sa yo epi garanti sekirite lòt moun ki ta vle vin fè antrepriz pou ekonomi peyi a mache ? Sitou lè nou sonje kouman prensipal dirijan peyi a te enplike  ansanm ak yon pati nan boujwazi sa a, nan koudeta septam 1991 kote militè yo te itilize kadejak kòm zam pou pini fanm yo, paske yo te chwazi yon prezidan epi deside mennen yon rezistans san rete pou defann vòt yo.

Nou pwofite di, arestasyon Cliford BRANDT se youn, men jijman li se yon lòt. Se pou sa n ap mande tout otorite nan sistèm jistis la pou pran dispozisyon pou jijman sa a sèvi yon mwayen pou tout moun ki viktim kidnapin kapab byen konprann  sa k te rive yo a. Se pou sa jijman an dwe òganize yon fason pou tout kaka chat deyò, pou pèp la  jwenn laverite sou pwoblèm kidnapin ki tounen yon gangrèn nan sosyete a. Kidnapin se yon fènomèn ki frape moun nan tout klas sosyal, tout sèks, tout laj, kidonk, nou tout konsène. 

Noumenm nan SOFA nou enterese konnen laverite sou fenomèn sa a ki ap simen dèy, dezolasyon nan fanmi ayisyèn epi dekapitalize nou. Nan sans sa a, batay kont lamizè nan peyi d’Ayiti dwe fèt nan konstriksyon yon modèl  ekonomi ki pa nan mafya, nan tabli bonjan klima kote fanm yo kapab kontinye mennen aktivite ekonomik yo san kè sote. Kote tou, yo kapab egzèse dwa politik yo san yo pa santi lavi yo andanje, jwenn bon jan lekòl pwofesyonèl pou mete pitit yo, yon fason pou pitit yo sispann ranfòse gang, kote gwo kidnapè ap sèvi ak yo fè yo tounen kriminèl. 

Nou menm nan SOFA, nou mande pou enstitisyon konsène nan leta a defini bonjan estrateji pou demantibile tout gang vòlè ak kriminèl, kidnapè kèlkeswa kote yo plase nan sosyete a paske sak deyò yo kontinye ap simen dèy nan fanmi nou yo. 

Nou mande pou ULCC, louvri yon ankèt serye sou tout moun ki gen lajan sispèk nan peyi a pou kab konnen orijin richès sa yo. Se yon fason pou leta kapab pi byen konnen sous lajan ilegal k ap brase nan ekonomi peyi a .Se yon fason tou pou evite ekonomi peyi a chita sou lajan sal oubyen ankò se lajan sal k ap itilize pou kanpay elektoral e ki ap kreye yon konpetisyon miwo miba nan mitan kandida ak kandidat.
N ap pwofite okazyon sa a pou n di tout sektè pwogresis, demokratik ak popilè, nan batay n ap mennen kont sistèm peze souse sa a, li enpòtan pou reflechi sou bonjan altènativ parapòta kalte envestisè peyi a bezwen pou kreye bon jan travay, ki kab kontribiye nan mete Ayiti tout bon vre sou wout devlopman.

Lit fanm nan se lit tout mas pèp la

Pou SOFA
____________________
Marie Frantz JOACHIM
Kòdonatris Jeneral


Pòtoprens, 9 novanm 2012

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Remarque : Seul un membre de ce blog est autorisé à enregistrer un commentaire.